Èd
Ekri nou nan support@kadansplanning.com, an kreyòl, an franse oswa an angle.
Kesyon moun poze souvan
Rapèl mwen yo pa sonnen sou telefòn Android mwen.
Nan Kadans, louvri Paramèt → Rapèl sou telefòn sa a, epi pèmèt notifikasyon ak « Alarmes et rappels » (Alarms & reminders). Gen telefòn ki mete aplikasyon yo dòmi tou: nan paramèt batri telefòn ou, kite Kadans mache san restriksyon.
Mwen bliye modpas mwen.
Sou ekran koneksyon an, peze « Ou bliye modpas ou? » epi louvri lyen nou voye ba ou pa imèl la.
Kijan pou m anile abònman mwen?
Nan Google Play: pwofil ou → Peman ak abònman → Abònman → Kadans. Ou kenbe Kadans jiska fen peryòd ou te peye a.
Kijan pou m efase kont mwen?
Gade Efase kont mwen.
Èske aplikasyon òdinatè a gratis toutbon?
Wi. Se sèlman sou telefòn ou bezwen yon abònman.